Accessibility links

Breaking News

PM Ayisyen Conille di Polisye Kenyan yo Esansyèl pou Kontwole Gang yo


Yon polisye Kenyan fe patwouy tou pre ayewopo entenasyonal Potoprens la, 3 Jiye, 2024.
Yon polisye Kenyan fe patwouy tou pre ayewopo entenasyonal Potoprens la, 3 Jiye, 2024.

Premye Minis Ayisyen Garry Conille di Konsèy Sekirite Nasyonzuni an ke fòs polis Kenyan ki deplwaye an Ayiti resaman ap esansyèl nan kad jefò pou kontwole gang ame yo epi pouse pou pi devan ak eleksyon demokratik.

Conille deklare Mèkredi ke gouvènman li an pral konsantre sou jere zak vyolans gang yo, ensekirite alimantè asire eleksyon lib dewoule epi fè refòm konstitisyonèl ak politik. Li di tou lap travay pou restore konfyans pèp Ayisyen an nan lapolis.

Premye kontenjan 200 polisye Kenyan yo te rive Pòtoprens nan fen mwad Jyen an.

Kenya pwomet pou l kontribye 1,000 polisye nan fòs miltinasyonal la ke LONU apiye. Pi ta yo pral pote kole ak polisye ki soti Bahamas, Bangladesh. Barbad, Benen, Tchad ak Jamayik pou fòme yon fòs kap gen 2,500 polisye ladann.

XS
SM
MD
LG