Accessibility links

Breaking News

Yon dezyèm Gwoup Polisye Fòs Miltinasyonal la Pral Debake ann Ayiti


Members of a police force from Kenya stand on the tarmac of Toussaint Louverture International Airport after landing in Port-au-Prince, Haiti, June 25, 2024.
Members of a police force from Kenya stand on the tarmac of Toussaint Louverture International Airport after landing in Port-au-Prince, Haiti, June 25, 2024.

Yon dezyèm kontenjan fòs misyon miltinasyonal la ta dwe rive "byen vit", "nan semèn k ap vini yo", daprè premye minis Conille ki pat vle bay detay sou kantite polisye ke li espere wè ladann "pou rezon sekirite".

Men, pou bay popilasyon an asirans, apre tout move ekperyans ke pèp la te viv nan deplwayman fòs etranje ki te fèt deja nan peyi a, li presize ke travay fòs miltinasyonal la se "akonpaye lapolis".

Premye Minis Ayisyen Garry Conille ak Minis Afe Etranje Dominique Dupuy pandan yon rankont ak Sekrete d Eta Antony Blinken nan Washington, 2 Jiye, 2024.
Premye Minis Ayisyen Garry Conille ak Minis Afe Etranje Dominique Dupuy pandan yon rankont ak Sekrete d Eta Antony Blinken nan Washington, 2 Jiye, 2024.

Garry Conille, ki te deja Premye Minis pou yon ti bout tan nan ane 2011-2012 ensiste pou di "Responsablite pou retabli sekirite se dabò responsablite ayisyen,".

Li di : Misyon an se "pa ranplase fòs polis la.

Se pote yon sipò ann ijans ki bay lapolis ak lame nou tan pou ranfòse kapasite yo pou yo byen jwe wòl yo".

"Tout sa ke otorite ayisyen yo te prevwa ak prepare," se sa ki pwal fèt an konsiltasyon ak fòs miltinasyonal la, se pawòl Conille ki kontinye pou di : "Nou moute yon 'fòs travay’ ki reyini manm lapolis ak lame e ki kounye a ap konsidere estrateji klè pou li ka fè pwogrè sou kesyon sekirite".

XS
SM
MD
LG