Avoka Senatè Bob Menendez ap Prezante Dènye Agiman li nan Pwosè Koripsyon Palmantè a

Foto Achiv: Senate Eta New Jerze, Demokrat Bob Menendez

Yon avoka akizasyon akize Senatè Bob Menendez dèske li patisipe nan konpotman "dwol a mo" nan repons li fas ak lajan li aksepte anba tab pandan deklarasyon pou klotire pwosè koripsyon la jistis ap mennen kont li a.

Minis jistis adjwen Paul Monteleoni lanse akizasyon an Madi pandan li tap rezime pou juri federal la nan Nouyok, prensipal pwen pwosè a.

Menendez plede non koupab a akizasyon dèske li te aksepte lajan anba tab - ladann gen lo ak plizyè milye dola kach - nan men 3 biznisman New Jèrze.

Pwosè li antre nan 9èm semèn li Lendi.

Avoka senatè a sipoze prezante agiman final pa li nan non senatè New Jèrze a, Madi.