Accessibility links

Breaking News

Avoka Akizasyon yo di Senatè Menendez Sèvi ak Enfliyans Politik li pou Konekte Fanmi Wayal Katar ak yon Biznisman New Jèrze


Foto Achiv: Senate Eta New Jerze, Demokrat Bob Menendez
Foto Achiv: Senate Eta New Jerze, Demokrat Bob Menendez

Otorite federal Lèzetazini di Senatè Bob Menendez sèvi ak enfliyans politik entènasyonal li pou ede yon zanmi siyen yon kontra ki vi plizyè milyon dola ak yon konpayi envestisman nan Katar. Otorite yo di an pati senatè a te poze aksyon ki favorab pou gouvènman Katar la.

Nouvo akizasyon sa yo rann pi grav defi legal ki deja poze pou Menendez, yon Demokrat ki reprezante eta New Jerze nan sena Etazini. Lap fè fas aktyèlman ak akizasyon lajistis kòm kwa li te sèvi ak enfliyans politik li pou l avanse an kachèt enterè peyi Ejipt.

Nouvo dokiman legal ke avoka a depoze nan devan tribinal Nouyok Madi di senatè a ak madanm ni te aksepte lajan anba tab nan fòm lengo lò ak lajan kach nan men yon direktè konpayi imobilye nan New Jèrze ki rele Fred Daibes kòm rekonpans pou plizyè zak koronpi - pami yo asistans pou jwenn yon gwo kokenn chenn envestisman nan men fon Katar la.

XS
SM
MD
LG