Senatè ameriken Bod Menendez (D-New Jersey), Prezidan Komisyon Afè Etranjè a nan Gran Kò a, ak Senatè Marco Rubio, (R-FL), Manm Sou-Komisyon Afè Emisferik la, lanse apèl bay administrasyon Biden nan pou mande l deziye Ayiti ankò kòm yon peyi ki kalifye pou l benefisye Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS).
Nan yon lèt 2 senatè yo voye bay Minis Sekirite Enteryè a, Alejandro Mayorkas, yo pale de enpòtans yon desizyon pou renouvle TPS la pou ayisyen k ap viv Ozetazini, ki kalifye e ki pa kapab retounen nan peyi yo an tout sekirite akoz yon melanj rezon, tankou gwo devastasyon dezas natirèl koze, boulvèsman politik ak lòt kondisyon grav peyi a ap konfwonte.
Senatè yo di nan lèt la:
“Pandan gouvènman ayisyen an te anmezi pou l resevwa yon kantite limite sitwayen li ke Lèzetazini te depòte, peyi a pa gen kapasite pou l ofri resepsyon ak swen ki nesesè pou plizyè dizèn milye moun ki ta retounen.
DeziyasyonTPS la pou Ayiti ta kapab redui fado a sou do pèp ayisyen an, sou do gouvènman an ak òganizasyon k ap bay èd nan peyi a, epi sa ta ka redui risk pou peyi a konnen plis destabilizasyon toujou.”
An plis dokiman l’ONU sou ensekirite alimantè ki poze ann Ayiti pou ane 2021 an, mete sou pwojeksyon ki di 4 milyon 400 mil ayisyen pral bezwen asistans imanitè pandan ane 2021 an, lèt la dekri Ayiti tou kòm yon peyi k ap fè fas ak kèk defi politik grav, ki vin ranfòse enstabilite a nan peyi a.
Lèt la di:
“Chè Minis Mayorkas:
Nou ekri lèt sa a pou n eksprime gwo preyokipasyon nou devan defi ekonomik, depi pou sekirite ak bezwen imanitè konplike ki genyen ann Ayiti e, ak tout respè pou ou, nou mande w anvizaje posiblite pou w re-deziye Ayiti pou Estati Pwoteksyon Tanporè a (TPS).
Kriz politik kwonik ki genyen ann Ayiti a vin anvlimen bezwen imanite grav e pwolonje Ayiti genyen depi tranblemanntè 2010 la. Alòske gouvènman ayisyen an te an mezi pou l resevwa yon kantite limite sitwayen li ke Lèzetazini te depòte, peyi a manke kapasite pou l ofri akèy ak swen ki nesesè pou plizyè dizèn milye moun ki ta retounen.
Pandan Lèzetazini ap kowopere ak gouvènman ayisyen an pou l ede l jwenn chemen pwogrè, yon re-deziyasyon TPS ta byen kapab pote yon soulajman byen merite pou anviwon 55 mil ayisyen ki Ozetazini -pami yo gen sila yo ki deja benefisye de TPS. Sa ta byen kapab redui fado ki sou do pèp ayisyen an, sou do gouvènman ayisyen an ak òganizasyon k ap pote èd yo, an menm tan ke sa ka diminye risk pou peyi a konnen plis destabilizasyon…”
Pi lwen let la di:
“An plis de sa, defi politik enpòtan Ayiti ap konfwonte yo fè nou krenn pou sa pa kreye plis enstabilite nan peyi a. Aktyèlman, 2 tyè Sena ayisyen an ak tout manm chanm bas la pa nan plas yo akoz manda yo te fini, epi Prezidan Jovenel Moise ap dirije pa dekrè. Nan mitan kriz gouvenans demokratik sa a, nou byen akeyi apèl administrasyon an lanse pou l mande aktè politik ayisyen yo sèvi ak mwayen pasifik pou yo rezoud mezantant yo. Puiske istorikman Lèzetazini toujou chwazi stabilite kòm yon eleman santral nan apwòch li vizavi sitiyasyon an ann Ayiti, si ou re-deziye peyi a kòm elijib pou l benefisye TPS, se va yon pa nan bon direksyon an, nan moman nou espere peyi a va kore enstitisyon demokratik li yo epi pwoteje dwa moun lakay li.”