Accessibility links

Breaking News

Lajistis Etazini Enkilpe Senatè New Jèrze Menendez pou Koripsyon


FILE PHOTO: Senate Foreign Relations Committee hearing in Washington, DC
FILE PHOTO: Senate Foreign Relations Committee hearing in Washington, DC

Senatè Demokrat Bob Menendez, ki reprezante eta New Jèrze nan Sena Ameriken an defye akizasyon federal koripsyon lajistis lanse kont li semèn pase a.

"Mwen rekonèt se pral pi gwo batay mwen jiskaprezan, men jan mwen di l plizyè fwa pandan pwosesis sa a mwen si e sèten ke lè nou finn prezante tout fè yo, non sèlman yap jwenn mwen inosan, men tou map rete kom senatè eta New Jèrze ki okipe pos sa a depi li lontan."

Senatè a deklare lajan kach otorite yo jwenn lakay li se lajan li tire nan kont epay li la bank e ke li rezève pou ka dijans.

Menendez di li kwè yo pral jwenn ni inosan, e ke pa fwa pwokirè yo konn lanse akizasyon kont moun pa erè.

Vandredi 22 Septanm, lajistis te anonse akizasyon ofisyèl li kont Senatè Menendez ak madanm ni.

Damian Williams se avoka gouvènman Ameriken an pou Distri Sid Nouyok la.

Li di lajistis akize mesye-dam yo dèske yo te aksepte lajan kach anba tab, kare lo epi yon machin deluks an echanj pou yon seri zak koripsyon. Pami zak sa yo lajistis site le fèt ke Demokrat la te sèvi ak enfliyans li sou zafè etranje Etazini pou benefisye gouvènman otoritè peyi Ejipt.

Dokiman legal ki detaye akizasyon an di Menendez, ki se chèf Komite Sena Ameriken an kap travay sou Afè Etranjè te remèt enfomasyon sansib ki pa piblik gouvènman Ameriken an bay responsab Ejipsyen epi pran mezi an kachèt pou ede Ejipt. Pami mezi sa yo gen yon lèt li te fè yon moun ekri pou Ejipt kote li ankouraje lot senatè yo pou yo debloke yon pwojè asistans $300 milyon pou peyi a.

Otorite yo akize senatè a tou dèske li te chache deraye yon ankèt kriminèt lajistis tap mennen kont yon asosye li. Yo di li te mete presyon pou yo nomen yon avoka gouvènman an ke li te kwè li te ka enfluyanse.

Yon fouy ajan yo fè lakay Menendez jwenn $100,000 an kare lo, ak $480,000 lajan kach ke li te kache.

Se souvan ke Senatè Menendez konn asiste aktivite kominote Ayisyèn nan nan New Jerze, epi pale sou jefo lap mennen nan Kongrè a pou ede Ayiti.

Pa egzanp pi bone ane sa a li te plenyen pou di sa fe plis pase yon ane depi Etazini pa gen yon anbasade an Ayiti e ke li le li tan pou sa chanje.

Akizasyon lajistis yo lakoz apui li te konn jwi bo kote elektè Demokrat yo nan eta li a diminye anpil.

"Mwen ta renmen pale direkteman ak moun New Jerze yo. Ou se rezon ki fe mwen dedye tout vi adilt mwen a amelyorasyon lavi sitwayen New Jerze ak tout Ameriken. Kek pami moun ki mande pou m demisyonen ap fe sa pou rezon politik. Yo di mwen pedi konfyans moun New Jerze yo. Se pa vre ditou."

Pwokirè gouvènman an anonse akizasyon kont Demokrat la ki gen 69 an, prèske 6 zan apre yon pwosè kriminèl kont li te fini an ke d pwason akoz juri a patka antan ni sou si misye te inosan oubyen koupab.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press. Jacquelin Belizaire kontribye a repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG