Etazini Deziye Kenya yon Alye Enpòtan ki Pa Manm LOTAN

Prezidan Joe Biden akeyi Prezidan Kenya William Ruto nan Lamezonblanch nan Washington, 22 Me, 2024.

Lamezonblanch pibliye yon dekrè 24 Jyen ki deziye Kenya kòm alye enpotan Etazini ki pa manm LOTAN (Oganizasyon Trete Atlantik Nò a).

Stati espesyal sa a bay patnè etranje Etazini sèten benefis nan domèn komès militè ak kowoperasyon sou sekirite.

Deziyasyon Alye Enpotan ki pa manm LOTAN an se yon senbol puisan ki demontre relasyon sere-sere ant Etazini ak peyi etranje sa yo epi li demontre "pwofon respè ak amitye" gouvènman Ameriken an genyen pou peyi li bay estati sa a.

Dapre Depatman d Eta, malgre stati sa a vini ak privilèj militè ak ekonomik, li pa pran oken angajman vizavi sekirite peyi sa yo.

Prezidan Joe Biden siyen dekrè a, ki pibliye nan jounal leta ki rele Federal Register la.

Pandan vizit d eta Prezidan Kenya William Ruto te fè Ozetazini nan mwad Me a, Biden te onore l ak yon dine d eta kote li te eksprime gratitud li pou wòl lideship Kenya aksepte pou l jwe nan fòs miltinasyonal pou Ayiti a.

Biden te pwomèt tou plizye milyon dola asistans pou finanse misyon an.

Semèn pase a, administrasyon Biden te pase sou kote Repibliken nan Lachanm ak Sena a ki tap chache bloke lajan an, paske yo te di yo bezwen plis detay anvan yo bay konsantman yo.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch, Anita Powell, kontribye a repotaj sa a