Koupab: Trump Tounen Premye Prezidan Etazini Lajistis Kondane pou Krim

Ansyen Prezidan Donald Trump mache pou l al fe komante devan manm lapres apre yon jiri jwenn ni koupab de krim nan Manhattan, Nouyok, 30 Me, 2024.

Donald Trump tounen premye ansyen prezidan Etazini ke lajistis kondane pou krim apre yon juri nan Nouyok jwenn li koupab pou 34 chèf akizasyon ki gen rapò ak yon konplo pou l enfliyanse ilegalman eleksyon 2016 la atrave lajan li te peye yon aktris film pòrno anba tab ki te gen relasyon seksyèl avè l.

Trump te tèt frèt nan moman yo tap li desizyon jiri a. Moun andedan tribinal la te ka tande moun nan lari k ap bat bravo ak kè kontan.

Your browser doesn’t support HTML5

Manm Juri a Tanmen Deliberasyon nan Pwose Kriminel Donald Trump la

Jij la va pwononse santans Trump 11 Jiyè, ki se kèk jou sèlman anvan Konvansyon Nasyonal pati Repibliken an.

Ian Sams, pòtpawòl biwo avoka Lamezonblanch reyaji pou di "nou respekte eta de dwa a. Nou pa gen okenn lòt komantè."

Korespondan VOA nan Lamezonblanch, Patsy Widakuswara kontribye a repòtaj sa a