Accessibility links

Breaking News

Eleksyon: Biden Trump Kontinye Chimen Yo Jwenn Nominasyon yo


Biden Trump Campaign Thumbnail
Biden Trump Campaign Thumbnail

Prezidan Etazini Joe Biden ak ansyen Prezidan Donald Trump te kontinye sou chimen yo, ayè madi a, pou yo jwenn nominasyon pati yo, pandan kèk lòt eleksyon enpòtan te vin atire anpil atansyon.

Prezidan Demokrat la ak advèsè Repibliken li te genyen byen fasil eleksyon pou pati pa yo nan eta Kentucky nan sidès peyi a ak Oregon nan nòdwès la, sèlman kèk semenn anvan premye sou 2 deba ke yo gen pou fè. Kous Biden ak Trump pwal yon repetisyon eleksyon 2020 an, kote Trump te di se magouy ki te anpeche li kale Biden.

Nan eta Kalifòni, depite Repibliken nan palman eta a, Vince Fong, genyen eleksyon espesyal pou ranplase ansyen lidè Chanm Depite, Kevin McCarthy, ki te demisyonnen an Desanm pase apre 16 lane nan Chanm nan. McCarthy te bay demisyon li lè konsèvatè Repibliken liy du yo te moute yon kanpay ak siksè pou chavire li kòm lidè Chanm Depite a apre sèlman 9 mwa nan pòs la.

XS
SM
MD
LG