Negosyasyon yo ap vanse Ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti a

Ambassador Carolyn Rodrigues-Birkett of Guyana

Yon otorite nan youn nan peyi Caricom yo fè konnen Mèkredi 20 Mas la negosyasyon pou fòme yon konsèy prezidansyèl ann Ayiti ap vanse nan moman kote vyolans gang nan alantou kapital la Pòtoprens ap kontinye.

Anbasadè Giyàn nan Nasyonzini Carolyn Rodrigues-Birkett ki t ap reponn kesyon sou chita-koze yo di: "Diskisyon yo ap kontinye, mwen sèten li pral pran yon ti tan. Men tout siy moutre ke yo ap vanse."

Yon sous nan gouvènman ayisyen an di AFP ke pou moman kounyea, “Caricom poko voye okenn lis non bay Premye Minis" demisyonè Ariel Henry, alòske korespondan VOA Kreyol nan pòtoprens ki te pale ak sous pwòch gouvènman an di ke premye minis la resevwa yon lis non.

Yon konseye espesyal PM Henry te di chèn televizyon Ameriken CNN semèn pase ke se sèlman Henry ak kabinè li a ki ka nonmen ofisyèlman yon konsèy tranzisyon, dapre Konstitisyon an, depi li resevwa non yo.

Peyi Karayib la (Ayiti) ki gen yon vid nan pouvwa egzekitif ak lejislatif tonbe nan yon kriz sosyal ak politik apre chèf leta a, Jovenel Moïse, te mouri asasinen an 2021. Dènye fwa yon eleksyon te fèt ann Ayiti sete an 2016.

Ariel Henry, ke Jovenel Moïse te nonmen te rete nan tèt peyi a pou òganize eleksyon.

Henry ki tap fè fas ak anpil opozisyon pa t ka retounen nan peyi l apre yon vwayaj nan Kenya, e li te dakò, 11 Mas pase, pou l demisyone lè konsèy prezidansyèl la enstale.

Menm jou a, plizyè peyi ak òganizasyon tankou Kominote Karayib la (Caricom), ke Giyàn prezide pou kounye a, te reyini ann ijans nan Jamayik.

Nan fen reyinyon an yo te anonse fòmasyon yon konsèy prezidansyèl tranzisyon, ki ta gen ladan l reprezantan pati politik ayisyen yo.

Mèkredi, vyolans kontinye nan zonn Pòtoprens la apre gwo kout zam te chante pandan lannwit la, dapre sa temwen te fè AFP konnen.

Nèg ame ap chache depi madi nan aswè pou pran kontwòl plizyè katye nan Pétion-Ville, daprè sa twa moun ki rete nan vil sa di AFP.

Tire yo kontinye Mèkredi maten, dapre menm sous la.

Rezidan yo te monte barikad nan sèten zòn ak kèk wout prensipal pou chache pwoteje tèt yo kont nèg ame sa yo, ki te lakòz aktivite yo ralanti nan kapital la.