Caricom Di Plan pou Yon Nouvo Lidè Dirije Tranzisyon an Ayiti ap Vanse

Conference of Heads of Government of the Caribbean Community, in Kingston

PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) — Otorite Caricom yo di plan pou kreye yon konsèy prezidansyèl tranzisyon an ap vanse apre majorite pati ak kowalisyon ayisyen yo te soumèt non moun ki responsab pou jwenn nouvo lidè pou peyi a.

Otorite yo te di Jedi ke pati politik ki nan negosyasyon yo te voye bay Caricom non moun pou ede dirije tranzisyon an kote tout moun sa yo pral fòme yon konséy prezidansyèl. Apre yo fin enstale, yo pral gen pou chwazi yon premye minis.

Non yo te soumèt yon jou apre plizyè politisyen ayisyen ak moun ki enfliyan nan peyi a te kesyone piblikman plan sa a ak non ke pati politik ki fè pati de negosyasyon an te soumèt, sa ki ta sanble mete kreyasyon konsèy la nan risk.

Pou rapèl gen plizyè pati politik ki rejte plan konsèy prezidansyèl CARICOM nan.

Premye Minis Ariel Henry te pwomèt pou l demisyone yon fwa ke konsèy la fin kreye.