PM Ariel Henry di Li Pral Demisyonnen

Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pwononse yon diskou nasyonal bone Vandredi maten, 29 Oct. nan Potoprens. (Foto: @PrimatureHT Twitter)

Premye Minis Ayisyen Ariel Henry anrejistre yon videyo an Kreyòl kote li anonse li pral demisyonnen apre fòmasyon yon konsèy tranzisyon prezidansyèl.

Dapre yon responsab Depatman d Eta, apre 7 hè negosyasyon ant 40 pati prenant Ayisyen ak lidè CARICOM yo te antann yo ak Sekretè Blinken ak CARICOM yo sou konpozisyon yon konsèy tranzisyon prezidansyèl ak prensip ki va dirije kiyès ki ka fè pati konsèy la.

Your browser doesn’t support HTML5

Nan yon Kominike ak Nasyon an, Premye Minis Ariel Henry di Li Pral Demisyonnen

Responsab la di konsèy presidansyèl la ap gen reprezantan: Sektè Prive a, Gwoup Montana a, Fanmi Lavalas, Kolektif, Pitit Dessalines, EDE, Ako 21 Desanm. Sektè relije a ak sosyete sivil la va gen wòl kòm obsèvatè ki pa vote.

Prezidan Guyana te konfime demisyon an pandan yon konferans pou lapres ki te dewoule nan konklizyon Rankont Wo Nivo a, kote li te li yon deklarasyon pou anonse rezilta rankont la.

Henry koube anba presyon entènasyonal kote divès peyi ap eseye evite gang vyolan pran kontwòl peyi a epi deklanche yon lagè sivil.

Misye se premye minis ki pase plis tan sou pouvwa a depi Ayiti te apwouve konstitisyon an an 1987. Li anonse nouvèl la anvan solèy leve Madi, kèk hè d tan apre lidè Karayibeyen ak Sekretè d Eta Antony Blinken te rankontre Jamayik pou diskite an tout ijans yon solisyon pou anpeche Ayiti degringole pi plis.

Henry bloke Pòtoriko kounyea, paske li paka tounen Ayiti, kote zak vyolans yo lakoz prensipal entènasyonal yo fèmen.

Korespondan VOA nan Depatman d Eta Nike Ching kontribye a repotaj sa a. Kek enfomasyon soti nan Associated Press.