Putin Fè Kim Jong Un Kado yon “limousine”

FILE - This combination of photos shows North Korean leader Kim Jong Un, left, and Russian President Vladimir Putin.

SEOUL, Kore di Sid (AP) — Prezidan Ris Vladimir Putin bay lidè Kore di Nò Kim Jong Un yon limouzin ris liksye ke Kim ka itilize pou regle aktivite pèsonèl li, sa ki montre relasyon espesyal 2 lidè yo genyen antre yo.

Kore di Nò ak Larisi te ranfòse koperasyon yo apre Kim ak Putin te gen yon somè ane pase nan Moskou.

Kèk obsèvatè di limouzin nan vyole yon rezolisyon Nasyonzini ki di okenn peyi pa dwe bay Kore di Nò objè liksye.

Moun konnen ke Kim posede anpil machin liksye ki fèt nan peyi etranje e ki, dapre sa yo kwè, antre nan peyi a nan kontrebann.

Kremlin an fè konnen Putin bay Kim Jong Un yon limouzin ke li te montre lidè Kore di Nò a pandan somè yo a nan Larisi.