Accessibility links

Breaking News

Manman Navalny mande Putin pou l remèt kò pitit gason l "Imedyatman"


Navalny's mother demands Putin hand over her son's body
Navalny's mother demands Putin hand over her son's body

Madi, manman Alexei Navalny mande prezidan Ris Vladimir Putin pou l remèt kò pitit gason l lan "san reta", apre ekip opozan politik ris la te akize otorite yo kòmkwa yo te kache kadav li.

Depi 16 fevriye apre otorite ris yo te anonse lanmò li nan yon prizon nan rejyon Aktik la, manman Alexeï Navalny ak yon avoka ap fè efò pou jwenn kadav li.

Men, dapre ekip opozan an, envestigatè Ris yo fè konnen sa ap pran omwen 14 jou pou yo retounen kò a paske yo vle fè ekspè gade li. Se yon dat limit ki, dapre kèk avoka, ka pwolonje.

Nan yon videyo ki soti Madi, manman l Lyoudmila Navalnaïa te pale ak prezidan Ris la dirèkteman pou mande li kadav piti li a, alòske Misye Putin pa fè kòmantè piblikman sou lanmò prensipal advèsè li a apre 3 ane li pase nan prizon.

Navalnïa deklare "Mwen lanse apèl bò kote w, Vladimir Putin, se ou sèlman ki ka jwenn solisyon pwoblèm sa a. Kite m 'finalman wè pitit gason m'. Mwen mande kò Alexei a san pèdi tan pou mwen ka antere l yon fason ki imen,

XS
SM
MD
LG