Accessibility links

Breaking News

Lanmò Navalny: Vasovi Konvoke Anbasadè Ris nan Polòy la


People attend a vigil following the death of Russian opposition leader Alexei Navalny, in Paris
People attend a vigil following the death of Russian opposition leader Alexei Navalny, in Paris

Ministè Afè Etranjè Polòy la anonse Madi ke li te konvoke anbasadè Ris nan Polòy lan, apre lanmò Alexeï Navalny, yon opozan prezidan Putin, nan prizon, se sa Ministè Afè Etranjè a fè konen nan yon nòt pou laprès.

Nan reyinyon ak anbasadè a, Vasovi "mande otorite Larisi yo pran responsablite pou lanmò Alexei Navalny epi li mande pou yo mennen yon ankèt total ki pa kache anyen, pou moutre sikonstans ak koz lanmò Navalny”.

XS
SM
MD
LG