Accessibility links

Breaking News

Peyi Ongri Pwopoze Pou Ratifikasyon Swèd pou Antre nan l-OTAN


Sweden NATO Explainer
Sweden NATO Explainer

Pati ki sou pouvwa a nan peyi Ongri pwopoze jodi madi a yon vòt 26 Fevriye sou ratifikasyon efò peyi Swèd pou antre nan l-OTAN e li fè konnen li ap sipòte efò a.

Minis Defans Swèd Pal Johnson di jodi madi a li « byen akeyi » dènye devlopman sa a.

Swèd te fè aplike an Me 2022 pou li antre nan l-OTAN kòm repons pou envazyon LaRisi a nan Ikrèn.

Pou yon peyi antre nan l-OTAN, fòk tout manm ki deja la yo aksepte l, e Ongri se sèl peyi ki pako apwouve kandidati Swèd la.

Finland te soumèt aplikasyon li menm lè ak Swèd e te tounen manm l-OTAN nan mwa Avril 2023.

XS
SM
MD
LG