Accessibility links

Breaking News

Blinken: "Nou Dwe Kontinye Sipòte Ikrèn "


NATO Foreign Ministers meeting in Brussels
NATO Foreign Ministers meeting in Brussels

Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken ensiste mèkredi 29 novanm nan yon nan reyinyon nan katye jeneral Òganizasyon Trete Nò Atlantik (OTAN) nan Brussels pou di ke Etazini ak alye li yo ap kontinye sipòte Ikrèn.

Nan konferans pou laprès li te bay apre reyinyon an Blinken te kontinye pou di "repons lan klè, nou dwe kontinye sipòte Ikrèn epi nou pral fè sa”.

Gen moun ki mande si Etazini ak lòt alye Òganizasyon Trete Nò Atlantik yo ta dwe kontinye kanpe ak Ikrèn pandan n ap antre nan dezyèm sezon fredi depi Putin te anvayi Ikrèn nan.

Men, repons lan isit la jodi a nan Òganizasyon Trete Nò Atlantik la klè e li p ap febli.

Nou dwe e nou pral kontinye sipòte Ikrèn.

Nap asire nou ke lagè agresyon Larisi a rete yon echèk estratejik, e objektif sa enpòtan anpil jodi a menm jan sa te ye lè Kremlin an te lanse lagè a, sa gen prèske dezan."

XS
SM
MD
LG