Accessibility links

Breaking News

Òganizasyon Trete Nò Atlantikla (OTAN) anonse Egzèsis Militè ki ap gen Patisipasyon 90,000 Sòlda


UKRAINE-CRISIS/BULGARIA-NATO
UKRAINE-CRISIS/BULGARIA-NATO

Òganizasyon Trete Nò Atlantik la anonse Jedi 18 janvye a lansman nan semèn ki ap vini an yon seri egzèsis militè, ki ap youn nan pi gwo "depi dè dizèn lane", ki pral dire plizyè mwa e ki pral enplike anviwon 90,000 sòlda ki nan Alyans la.

Kòmandan Siprèm fòs alye yo ann Ewòp, Jeneral Ameriken Christopher Cavoli deklare "Sa pral yon demonstrasyon klè pou montre inite nou, fòs nou ak detèminasyon nou pou pwoteje youn lòt"

Egzèsis militè sa yo ap fèt nan moman lagè larisi ak ikrèn nan ap pwoche sou dat ki ap boukle dezyèm ane li.

XS
SM
MD
LG