Biden Gen Entansyon Akeyi Prezidan Kenya a nan Lamezonblanch nan Mwad Me a

Foto Achiv: Lamezonblanch nan moman soley la ap kouche nan Washington, 26 Janvye 2024.


Prezidan Joe Biden gen entansyon akeyi Prezidan Kenya William Ruto nan Lamezonblanch pou yon vizit ofisyèl, apre li pat kenbe pwomès li te fè pou l vizite Afrik ane pase a.

Sekretè de Près Lamezonblanch la Karine Jean-Pierre anonse Vandredi, vizit la fikse pou 23 Me. Objektiv la se chache "ranfose angajman komen nou pou avanse lapè ak sekirite, ogmante lyen ekonomik nou yo, epi kanpe fèm ansanm pou defann prensip demokratik yo."

Nouvèl sou vizit Ruto a vini yon semèn apre Ayiti te anonse lap travay sou yon ako ofisyèl ansanm ak responsab Kenyan yon pou asire deplwaman fos miltinasyonal Kenya ofri pou dirije a e ke moun ap tann depi lontan pou al ede fos polis nasyonal Ayiti jere zak vyolans gang yo.

Lamezonblanch konfime tou ke yo pral onore Ruto ak yon dine d eta.