Meksik Depase Lachin kòm Prensipal Sous Byen Etazini Enpòte

Foto Achiv: Yon dam travay nan yon faktori soulye nan Leon, Meksik, 7 Fevriye, 2024.

Pou premye fwa depi plis pase 20 an, Meksik depase Lachin kòm prenspal sous pwodui Etazini enpòte yo.

Chanjman sa a reflete tansyon ki egziste ant Washington ak Peken epitou jefò Etazini pou l enpòte pwodui nan men peyi ki pi amikal e pi pre lakay li.

Done Depatman Komès Etazini an pibliye montre valè pwodui Etazini enpote nan men Meksik ogmante 5% ant 2022 ak 2023. Pwodui sa yo te vo plis pase $475 milya.

Pandansetan, vale pwodui Chinwa Etazini te enpòte yo te redui pa 20%.

Denye fwa pwodui Meksiken ke Etazini enpòte te depase valè pwodui Chinwa yo sete an 2002.