Accessibility links

Breaking News

Responsab Ameriken ak Chinwa Diskite sou Efò pou Bloke Fentanyl ki ap Antre Etazini


FILE - President Joe Biden holds a meeting about countering the flow of fentanyl into the United States, in the Roosevelt Room at the White House, in Washington, Nov. 21, 2023.
FILE - President Joe Biden holds a meeting about countering the flow of fentanyl into the United States, in the Roosevelt Room at the White House, in Washington, Nov. 21, 2023.

Otorite ameriken ak chinwa reyini madi a pou diskite sou efò pou bloke fenatyl ki ap antre Etazini, yon siy ke 2 pwisans mondyal yo ka rezoud mezantant yo nan dyalog.

Reyinyon an ki ap dire 2 jou se premye rankont yon gwoup ki ap travay pou bloke sikilasyon dwòg. Youn nan pwen nan chita-koze yo se fentanyl, sa ki rele yon opioid sentetik ki ap ravaje Etazini. Yo ap pale sitou sou materyèl ki antre nan fabrikasyon dwòg sa a, ki soti an Chin.

Etazini vle pou LaChin redui ekspòtasyon pwodui chimik ke yo travay, dapre sa l di, sitou nan peyi Meksik, anvan pwodui final la antre Etazini nan kontrebann.

XS
SM
MD
LG