Accessibility links

Breaking News

LaChin konvoke anbasadè Filipin Apre Prezidan Ferdinand Marcos Jr. Konplimante Prezidan Eli Taiwan nan


FILE - Philippines' President Ferdinand Marcos Jr. delivers his speech at Camp Aguinaldo military headquarters in Quezon city, Dec. 21, 2023. Marcos has congratulated the winner of Taiwan’s presidential election, Lai Ching Te.
FILE - Philippines' President Ferdinand Marcos Jr. delivers his speech at Camp Aguinaldo military headquarters in Quezon city, Dec. 21, 2023. Marcos has congratulated the winner of Taiwan’s presidential election, Lai Ching Te.

LaChin konvoke anbasadè Filipin nan madi pou pwoteste ofisyèlman kont mesaj Prezidan Ferdinand Marcos ki te konplimante prezidan ki fèk eli nan Taiwan nan.

Nan yon pòs sou X, ki te rele Tweeter anvan sa, Prezidan Marcos te konplimante Lai Ching-te, kandida pati ki sou pouvwa a, Pati Demokrat Pwogresis la (DPP) sou eleksyon li, samdi a, e li di li espere gen kolaborasyon sere ak nouvo prezidan an. DPP toujou anfavè pou Taiwan dirije tèt li, kote li repouse pawol Peken ki di ke li gen souverèente sou zile a.

Yon lòt kote, gouvènman peyi Nauru koupe relasyon diplomatik ak Taiwan, bagay ki pa antre nan santiman Etazini.

Zile nasyon an anonse desizyon pou li sispann rekonèt Taiwan e tabli relasyon diplomatik ak LaChin touswit apre eleksyon prezidansyèl ak palmantè ki sot dewoule nan Taiwan.

Pòtpawol Depatman Deta Matthew Miller di nan yon deklarasyon lendi swa Taiwan se yon patnè demokratik ki merite pou yo konte sou li, e ke LaChin pwomèt bagay pou l tabli relasyon diplomatik, e ke li pa respekte pwomès li.

XS
SM
MD
LG