Accessibility links

Breaking News

Plizyè Peyi Voye Konpliman Bay Prezidan Eli Taiwan nan


Taiwan Election
Taiwan Election

Elektè nan Taiwan vote an majorite pou yon pati ki anfavè souverènte pou Taiwan, Pati Pwogresis Demokratik ki gen abreje ann angle DPP, ki sou pouvwa a.

Se yon vikwa istorik nan eleksyon prezidansyèl zile a pandan wikenn nan, malgre presyon LaChin t ap fè sou li.

Pandan plizyè peyi nan mond la te voye konpliman bay Prezidan eli DPP a, Lai Ching-te, pou viktwa li samdi a, Peken fè konnen rezilta eleksyon an pa reflete opinion gran piblik la nan Taiwan, e li ensiste pou di ke Taiwan rete yon afè entèn LaChin.

Etazini, Inyon Ewop la, Wayòm Ini ak Kanada, yo tout voye konpliman bay DPP, epi nan koze a, yon pòtpawol Depatman Deta chante lwanj pèp Taiwan nan daprezavwa li demontre fòs sistèm demokratik solid zile a.

Kòm repons, ministè afè etranjè chinwa a kalifye mesaj Washington nan kòmkwa li vyole prensip Yon Sèl Chin nan e li di ke prensipal verite a ki p ap janm chanje sèke Taiwan se yon pati nan LaChin.

XS
SM
MD
LG