Sondaj Associated Press Montre ke Mwatye Adilt Ameriken Di Izrayèl Ale Twò Lwen nan Lagè li nan Gaza a

Israeli soldiers patrol an area near the northern kibbutz of Kfar Blum close to the border with Lebanon after Hezbollah said its fighters carried out an aerial attack with two drones against an Israeli air defense system site in the border region on Janua

WASHINGTON (AP) — Yon nouvo sondaj ke Ajans nouvèl Associated Press (AP) fè ansanm ak NORC montre mwatye nan adilt ameriken kwè lagè Izrayèl la nan Gaza "ale twò lwen."

Sondaj la di anpil moun pa apwouve sa Izrayèl ap fè Gaza a, e kantite moun ki kont lagè sa a ap ogmante, nan mitan Repibliken ak endepandan.

Sondaj la kontinye pou montre ke apeprè 7 sou 10 jèn ameriken nan Pati Demokrat la dezapwouve pozisyon prezidan Biden fas ak konfli a.

An jeneral, 31% granmoun ameriken apwouve fason Biden jere konfli a, e se sèlman 46% nan yo ki Demokrat.

Etazini ap vin pi izole nan sipò li pou Izrayèl toutotan kantite Palestinyen kap mouri Gaza ap ogmante.