Accessibility links

Breaking News

Alatèt Pentagòn nan di li Lè pou Kraze Zo Gwoup Milisyen yo


US Defense Secretary Lloyd Austin takes questions during a press conference at the Pentagon in Washington, DC, on February 1, 2024.
US Defense Secretary Lloyd Austin takes questions during a press conference at the Pentagon in Washington, DC, on February 1, 2024.

WASHINGTON (AP) — Sekretè Defans Ameriken Lloyd Austin di ke li lè pou yo kraze zo gwoup milisyen sa yo ki jwenn sipò Iran an, ki te atake fòs ak bato Ameriken nan Mwayenn Oryan an.

Epi li di ke Etazini pare pou l pran gwo aksyon kòm repons pou lanmò 3 militè ameriken yo nan Jòdani dimanch la.

Depi plizyè jou, Etazini fè santi atak yo ap vini, kote li menase pou li vanje lanmò sòlda li yo, sa ki pouse kèk nan gwoup militan yo di ke yo ap sispann atak yo.

Men jedi 1 Fevriye, rebèl Houthi ke Iran apiye nan Yemenn yo te atake bato ankò e tire yon misil balistik sou yon batiman kontenè ki gen drapo peyi Liberia nan Lanmè Wouj la.

XS
SM
MD
LG