Accessibility links

Breaking News

Iran Ap Bati 4 Izin Nikleyè


Iran Nuclear
Iran Nuclear

Iran koumanse bati 4 lòt izin nikleyè nan sid peyi a, ki ka rive nan kapasite total 5000 megawatt, se sa ajans nouvèl ofisyèl IRNA rapòte ayè jedi a.

Iran ap chache pwodui 20.000 megawatt enèji nikleyè distans pou rive nan finisman ane 2041.

Peyi a gen yon sèl izin nikleyè aktif, se yon izin 1000 megawatt ki te koumanse mache ak èd LaRisi an 2011. Li ap bati tou yon izin 300 megawatt nan pwovens Khuzestan ki chaje petwòl, toupre fwontyè lwès li ak Irak.

Direktè Jeneral Ajans l-ONU ki ap siveye aktivite nikleyè-a, Rafael Grossi, te di, ane pase, Iran ogmante pwodiksyon li kote li prèske rive nan nivo iranyòm anrichi ki ka bay zam nikleyè, apre li te akselere li depi an 2023.

XS
SM
MD
LG