Accessibility links

Breaking News

Iran menase Lap Reponn Dan Pou Dan Nenpòt Atak Ameriken Pandan Biden Di Li ap Bay Yon Repons pou Atak Jòdani an


Iran Mideast Tensions
Iran Mideast Tensions

JERUSALEM (AP) — Iran menase pou l reponn ak fòs nenpòt atak Etazini ta fè sou li apre Prezidan Joe Biden te konekte li ak atak ki te fèt nan Jòdani, kote 3 sòlda ameriken pèdi lavi yon nan yon baz militè nan rejyon an.

Etazini bay siy ke li ap prepare yon atak vanjans apre atak dronn dimanch la ki te blese tou omwen 40 sòlda.

Gen gwo enkyetid ke nenpòt atak anplis ke Etazini ka tanse ta ka mete gwo dife ak tansyon nan yon rejyon ki deja boulvèse ak lagè Izrayèl ap mennen kont Hamas nan Gaza a ak tou atak ke rebèl Houthi yo nan Yemen ap lanse nan Lanmè Wouj la.

Otorite ameriken yo anonse mèkredi ke yon destroyer Lamarin ameriken desann yon misil rapid ke Houthis yo te lanse.

XS
SM
MD
LG