Trump Ranpòte Kokus Iowa a

Kandida a la prezidans Repibliken, ansyen Prezidan Donald Trump monte sou sen nan pandan yon fet sware kokis Repibliken yo nan vil Des Moines, eta Iowa, 15 Janvye 2024.

Donald Trump tabli yon nouvo rekò ak viktwa li nan Kokis Iowa a kote li kite rival li yo byen lwen dèyè li.

Viktwa Trump la voye yon mesaj kle kòm kwa nominasyon a la prezidans pati Repibliken pou ane 2024 la pou li si l vle l.

Misye sou bon wout pou l kraze rekò pou kokis Repibliken eta Iowa a ak yon maj ki depase 13 pousan Bob Dole te ranpòte nan ane 1988.

Gouvènè eta Florid la, Ron DeSantis fini dezyem, epi ansyèn Anbasadris Etazini nan LONU, Nikki Haley fini twazyèm.

Elektè kokis yo te brave gwo fredi ak kondisyon danjre sou wout yo pou rasanble nan plizyè santèn lekòl, legliz ak sant kominotè toupatou nan eta a.