Accessibility links

Breaking News

Trump Mande Kou Siprèm Etazini Pou l Anile Desizyon Eta Colorado Pran pou Wete Non Li Sou Bilten Vòt yo


Biden Democracy Analysis
Biden Democracy Analysis

DENVER (AP) — Ansyen Prezidan Donald Trump mande Kou Siprèm Ameriken an pou l anile desizyon otirite nan eta Colorado yo te pran pou anpeche l non li ekri sou bilten vòt eta a akoz pou prezime wòl li ta jwe nan atak ki te fèt sou Kapitòl la nan dat 6 janvye 2021 an.

Kandida pou pòs prezidansyèl pou pati Repibliken an Donald Trump ale ann apèl Mèkredi kont desisyon ke Kou Siprèm Eta Kolorado a pran pou anpeche non li paret sou bilten vòt nan eta apre yo fè konnen ke yon tèks nan 14yèm Amannman Konstitisyon Etazini rann li inelijib pou afiche non l sou bilten vòt eta a.

Desizyon sa ke Tribinal Kolorado a te pran nan mwa desanm 2023 a se premye fwa nan listwa Etazini yon tribinal diskalifye yon moun kòm kandida pou Mezon Blanch lan paske li te "angaje nan yon revolt pou ranvese gouvenman an."

Demann Trump la vini yon jou apre ekip legal li a te mande Tribinal Siperyè eta Maine pou revize desizyon Sekretè Deta Demokrat Shenna Bellows te pran pou wete non Trump sou bilten vòt eta Maine nan.

XS
SM
MD
LG