Accessibility links

Breaking News

Dat Pwosè Kriminèl Trump Ki Te Sipoze Kòmanse nan Mwa Mas 2024 la Kapab Chanje


FILE PHOTO: Former U.S. President Donald Trump and Special Counsel Jack Smith
FILE PHOTO: Former U.S. President Donald Trump and Special Counsel Jack Smith

WASHINGTON (AP) — Li parèt trè pwobab pou yo repotè dat pwosè lajistis ap mennen kont ansyen Prezidan Donald Trump pou entèferans nan eleksyon 2020 yo. Pwosè ki te sipoze kòmanse nan mwa mas 2024 la nan Washington kapab repòte.

Akòz Kou Siprèm ameriken an sipoze rann desizyon li si wi ou non Lajistis kapap akize Trump pou prezime krim yo di li te komèt yo pandan li te prezidan.

An atandan Tribinal Siprèm bay vèdik li, sa ta ka menase dat pwosè ta sipoze kòmanse.

Mèkredi, jij federal k ap sipèvize jijman an te kanpe tout pwosesis legal yo jiskake gwo kou jistis la rann desisyon li.

Jij Tanya Chutkan te soulve posiblite pou pwosè a toujou kòmanse nan dat mwa mas la si Kou Siprèm rann vèdik li sou dosye a trè rapid.

Men, si yo ale an apèl ak kelke swa desisyon an sa ka kenbe pwosesis la pou omwen on mwa.

XS
SM
MD
LG