Accessibility links

Breaking News

Trump Konparèt Devan Kou d Apèl Federal Washington nan


Kotej ansyen Prezidan Donald Trump rive nan tribinal federal E. Barrett Prettyman nan nan Washington, 9 Janvye 2024.
Kotej ansyen Prezidan Donald Trump rive nan tribinal federal E. Barrett Prettyman nan nan Washington, 9 Janvye 2024.

Ex-Prezidan Donald Trump konparèt devan yon tribinal federal d apèl nan Washington pou premye fwa depi plizyè mwa Madi 9 Janvye a -- kote jij yo eksprime mefyans yo dèske misye gen iminite ki anpeche yo pousuiv li an jistis pou akizasyon kom kwa li te konplote pou ranvèse rezilta eleksyon 2020 an.

Yon panèl ki gen ladann 3 jij - 2 pami yo se Prezidan Joe Biden ki nomen yo -- te poze kestyon sou si wi ou non yo gen pouvwa legal pou konsidere yon apèl nan moman sa a kote pwosè a ap avanse. Jij yo di li posib ke yo pral voye jete apèl Trump la.

Pandan agiman yo ki te dire anpil tan, jij yo te mande avoka Trump la plizyè fwa pou l defann deklarasyon li fè pou di Trump gen pwoteksyon kont akizasyon kriminèl lajistis lanse kont li yo.

Jij Florence Pan - Kou d Apel pou Distri Kolonbi (Washington DC)

"Sanble ke si ou dako ke lajistis ka pousuiv yon prezidan anba seten sikonstans, agiman ou prezante pa rapò ak separasyon pouvwa a tonbe nan dlo e kestyon ki devan nou kounye a se: Eske ou gen rezon nan entepretasyon w de lwa ki gen rapò ak enkilpasyon yon prezidan. Eske yon lwa enkilpasyon an di sa ou di li di vreman vre - se tout sa ou bezwen deside.

D. John Sauer - Avoka Ansyen Prezidan Donald Trump

"Respektyezman mwen pa dakò."

Jij J. Michelle Childs - Kou d Apel pou Distri Kolonbi (Washington DC)
"Menm anba (Prezidan) Clinton, kote te gen yon antant ki baze sou padon Prezidan Nixon te resevwa a, nou prezime ke lajistis taka pousuiv ou donk poukisa ou ta komet yon zak konsa?"

D. John Sauer - Avoka Ansyen Prezidan Donald Trump

" Sa yo se egzanp konpotman prezidan an nan vi prive li. Pa egzanp pwose Clinton kont Jones la di kleman ke Prezidan Clinton te fe yon antant pou yo pa enkilpe li pa admet gen bagay li te fe ki pat bon, men zak yo te dewoule an prive. Pesonn pa janm di prezidan an gen egzanpsyon pou yo pa enkilpe l pou zak li komet nan vi prive li."

James Pearce - Avoka Met Espesyal Depatman Jistis Etazini Jack Smith

"Se yon bagay ki poko janm rive nan listwa peyi nou anvan jodia - ke yon prezidan deklare li gen iminite kont yon pwose kriminel apre manda li fini. Prezidan an gen yon wol unik li jwe dapre konstitisyon an men sa pa vle di lajistis paka pousuiv li. Prensip separasyon pouvwa yo nan konteks konstitusyon an, listwa, presedan legal ak lot dokrin sou iminite tire konklizyon ke yon ansyen prezidan pa gen okenn iminite ki pwoteje l kont enkilpasyon kriminel. Dumwens nan ka sa a, kote akize a ap fe fas ak akizasyon kom kwa li te konplote pou l ranvese rezilta yon eleksyon prezidansyel - se pa moman pwopis pou rekonet kek nouvo tip iminite kriminel."

Apre odisyon an Trump te pale ak jounalis yo nan lotal Waldorf Astoria a ki te Otel Trump International le misye te nan Mezonblanch la.

Donald Trump - Ansyen Prezidan Etazini

"Mwen ta renmen remesye nou. Sete yon gran jounen pou nou o pwen d vu sa nou aprann ak konsesyon yo fe. Yo fe konsesyon sou 2 gran pwen e mwen kwe yo te gen rezon fe sa. Mwen pa kwe yo te gen anpil chwa paske agiman nou te puisan. E mwen kwe nap byen mennen. M kwe li pa jis le Depatman Jistis la, Depatman Jistis Biden pousuiv yon opozan, yon opozan politik. Chif yo ba nan sondaj yo. Chif ki soti nan sondaj yo jodia etonan pou Joe Biden. E mwen kwe yo konprann se konsa yo pral genyen eleksyon an. Men se pa konsa ditou. Ap gen dezod nan peyi a. Se yon move bagay. Yon move presedan. Le yo pale de menas pou demokrasi - se sa ki vre menas pou demokrasi a. Mwen kwe antanke prezidan fok ou gen iminite. Se yon bagay senp. Si ou pa genyen l e sim pedi ka a akoz sa fok mwen di mwen pa fe anyen ki mal. Absoliman anyen e m tap travay pou peyi a."

Trump ensiste li pa komet okenn krim e li deklare lajistis ap pousuiv li pou rezon politik.

XS
SM
MD
LG