Xi di Lachin Pral 'Reyinifye' ak Taiwan Kanmenm-Kanmenm

Nan foto sa a ke ajans nouvel Xinhua pataje ak lapres, Prezidan Lachin Xi Jinping pwononse yon diskou nasyonal nan Peken nan okazyon fet joudlan 2024 la.

Prezidan Lachin, Xi Jinping deklare Lachin pral "asireman reyinifye" ak Taiwan.

Xi fè deklarasyon sa a nan yon diskou televize li fè nan okazyon Joudlan an - sa ki renouvle menas Peken fè plizyè fwa deja pou l reprann kontwòl zile a ki endepandan.

Lachin konsidere Taiwan kòm teritwa pa li.

" Reyinifikasyon Lachin se yon bagay ki inevitab - istorikman palan e konpatriyòt kap viv sou tou le 2 bò Detwa Taiwan nan ta dwe mete men nan lamen epi pataje gran glwa rajenisman nasyonal la. Objektif nou gran e senp an menm tan."

Lachin dekri eleksyon prezidansyèl ak palmantè ki gen pou dewoule nan Taiwan 13 Janvye a kòm yon chwa ant lagè ak lapè.

Nan diskou joudlan pa li, Prezidan Taiwan, Tsai Ing-wen lanse apèl bay Lachin pou l chache yon mwayen pou ko-egziste nan lapè ak zile a, anvan eleksyon mwad Janvye a.

" Nou pa pwovoke ni bay le gen. Nou ranpote konfyans kominote entènasyonal la - nou gen kredibilite ki san parèy ki lakoz nou te ka ranfose kowoperasyon nou ak patnè demokratik nou yo. Sa pèmèt nou fè fas ak mond lan ak plis konfyans ak fèmte epi fè fas ak Lachin ak plis konfyans ak kalm."

Taiwan te pran endepandans li ak Lachin apre yon gè sivil an 1949, men Peken toujou konsidere zile a tankou teritwa Chinwa.

Peken konsidere kandida a la prezidans ki gen plis chans pou ranpòte la viktwa, an palan de William Lai tankou yon "separatis" e li akize misye ak Prezidan Taiwan nan - Tsai Ing-wen dèske yap eseye pwovoke Lachinn pou l atake zile a.

William Lai se vis prezidan Pati Demokrat Popilè a, ki kontwole pouvwa a nan Taiwan.