Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Lachin Pran Angajman pou Amelyore Relasyon yo


Sekrete d Eta Antony Blinken salye Prezidan Chinwa Xi Jinping nan Gran Sal Pep la nan Peken, kapital Lachin, Lendi 19 Jyen 2023.
Sekrete d Eta Antony Blinken salye Prezidan Chinwa Xi Jinping nan Gran Sal Pep la nan Peken, kapital Lachin, Lendi 19 Jyen 2023.

Lèzetazini ak Lachin pran angajman pou stabilize relasyon yo ki deteryore anpil, pandan yon vizit enpòtan Sekretè d Eta Antony Blinken fè nan Peken.

Blinken rankontre Prezidan Chinwa a, Xi Jinping Lendi:

"Misye le prezidan mèsi pou akèy la jodia. Prezidan Biden mande m vwayaje Peken paske li kwè Etazini ak Lachin gen yon obligasyon ak yon responsabilite pou n jere relasyon nou. Etazini pran angajman pou fè sa. Li nan enterè Etazini ak enterè Lachin ak le mond antye.

Pandan jou ki pase yo, mwen fè diskisyon fran ak konstruktiv ak Chanselye Qin Gang ak Direktè Wang Yi. Nou kouvri anpil kestyon bilateral ak global. Mwen apresye opòtinite sa a pou m diskite sou kijan nou ka fè pwogrè. Mèsi."

Moun ap tann pou wè si vreman vre, 2 peyi yo ka rezoud mezantant pi grav yo. Anpil nan mezantant sa yo gen enplikasyon pou sekirite, stabilite ak sistèm finansye entènasyonal la.

Apa volonte yo pou pale, pa gen anpil siy ki montre ni Etazini, ni Lachin te pare pou ekate yo ak pozisyon liy du yo adopte sou kestyon tankou komès, Taiwan, sityasyon dwa moun nan nan Lachin ak Hong Kong, epi atitid agresiv lame Chinwaz la adopte nan Lanmè Sid Chinwa a. Yo dozado tou sou lagè Larisi ap mennen nan Ikrèn.

Pandan rankont ak Blinken, Xi te di li kontan ak rezilta rankont Blinken te genyen pi bonè nan jounen an ak 2 diplomat wo plase Chinwa.

"Lachin deklare pozisyon nou klèman e 2 pati yo dako pou yo pouse pou pi devan ak antant komen Prezidan Biden avèm te jwenn nan Bali."

Ajènda sa a te menase pandan mwa ki pase yo, apre Etazini te desann yon balon siveyans Lachin ki te travèse espas ayeryen li nan mwad Fevriye a. Aktivite Lachin mennen nan detwa Taiwan nan ak Lanmè Sid Chinwa a te gate zafè yo tou.

Yon seri dezakò sou kestyon dwa moun, komès ak pwodiksyon dwòg opyase - poze pwoblèm pou 2 peyi yo tou.

Men Xi sigjere bagay yo kòmanse amelyore, sa li pa bay twòp presizyon.

"2 peyi yo fè pwogrè epi jwenn antant sou kèk kestyon presi. Se yon bon bagay. Mwen espere ke gras ak vizit sa a Misye le Sekretè ou pral pote plis kontribisyon pozitif pou stabilite relasyon ant Lachin ak Etazini."

Blinken te pale ak Xi pandan 35 minit. Rankont la te anonse sèlman yon hè d tan anvan li te kòmanse nan Gran Sal Pèp la nan Peken.

Enfòmasyon pou repòtaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG