Kou Siprèm Etazini pral Tande yon Ka ki Taka Defèt Akizasyon ki Lye ak Atak 6 Janvye Kont Capitol la

Foto Achiv: Kou Siprem Etazini nan Washington, 15 Novanm 2023.

Kou Siprèm Etazini di li va tande apèl ki taka defèt konplètman akizasyon lajistis federal lanse kont plizyè santèn moun ki te patisipe nan atak kont Capitol la, 6 Janvye 2021 - pami yo ansyen Prezidan Donald Trump.

Jij yo bay konsantman yo Mèkredi, pou revize desizyon yon kou d apèl sou akizasyon 3 moun Texas, Pennsilvani ak Nouyòk ke lajistis akize dèske yo te eseye bloke yon pwosesis ofisyèl.

Akizasyon an fè referans a pwosesis sètifikasyon Kongrè a de viktwa elektoral Joe Biden te ranpòte nan eleksyon prezidansyèl 2020 an sou Trump.

Se youn pami 4 chèf akizasyon lajistis lanse kont Trump nan kad pwosè mèt espesyal Jack Smith la, ki akize ex-prezidan Repibliken an dèske li te konplote pou ranvèse rezilta eleksyon an.

Menm akizasyon sa a ap peze sou do plis pase 300 akize ki konekte ak atak 6 Janvye a ki te lakoz plizyè moun te mouri.