Accessibility links

Breaking News

FBI ak Sekirite Nasyonal te Inyore 'Gwo ‘ Entèlijans ke yo te Jwenn Anvan Atak 6 Janvye a


FILE PHOTO: Supporters of U.S. President Donald Trump gather in Washington
FILE PHOTO: Supporters of U.S. President Donald Trump gather in Washington

WASHINGTON (AP) — Yon rapò ki soti nan komite Sena di ke FBI ak Depatman Sekirite Enteryè minimize oswa inyore "yon kantite enfòmasyon ki te soti nan sèvis ransèyman yo" anvan atak 6 janvye 2021 sou Kapitòl Etazini an.

Rapò ke Komite Sekirite Enteryè a ak Afè Gouvènmantal Sena a te pibliye madi di ajans yo pa t avèti ke ta pwal gen vyolans akoz kèk patizan Donald Trump ki te Prezidan nan epòk la te planifye atak la ouvètman sou Entènèt.

Rapò majorite anplwaye ki te nan panèl la fè konnen kominote ransèyman an pa te re-oryante mesaj yo nèt pou konsantre sou menas teworis ki gen sous andan peyi a, olye de teworis entènasyonal.

Li di ke responsab sèvis ransèyman yo nan gouvènman an "pa t kapab imajine" ke Kapitòl la ta ka anba atak. FBI ak Depatman Sekirite Entèryè di ke yo fè anpil chanjman depi jou sa a.

XS
SM
MD
LG