Accessibility links

Breaking News

Mike Pence Deklare Kandidati li pou Prezidans Etazini


FILE PHOTO: Republican presidential hopefuls make their pitch to evangelical voters at the Iowa Faith & Freedom Coalition Spring Kick-off in West Des Moines
FILE PHOTO: Republican presidential hopefuls make their pitch to evangelical voters at the Iowa Faith & Freedom Coalition Spring Kick-off in West Des Moines

Ansyen Vis-Prezidan Etazini Mike Pence ranpli papye ayè lendi a pou deklare ke li kandida pou nominasyon pati Repibliken an pou eleksyon prezidansyèl 2024 la, nan yon gwo efò pou li pase sou ansyen patwon li, Donald Trump, epi pote labanyè pati a kote li pwal chache ranplase Prezidan Demokrat Joe Biden nan Mezon Blanch.

Pence, yon konsèvatè ki se ansyen gouvènè eta Indiana, pandan 4 lane te rete fidèl kòm nimewo 2 apre Trump, men 2 mesye yo te vire dozado lè Pence pa te koube devan ekzijans Trump ki te vle li anpeche kongrè a sètifye rezilta eleksyon 2020 yo ke li te pèdi. Sa te debouche sou deblozay 6 Janvye 2021 an, kote sipòtè Trump te anvayi Kapitòl la, ki se bilding Kongrè Etazini an, e te mennen nan arestasyon plis pase mil moun.

Pence ap anonse kandidati li mèkredi ki ap fè 64 lane sou tèt li, nan eta Iowa nan sant-lwès peyi a, ki ap òganize kokis Repibliken li nan ane ki ap vini an.

Trump devan nan sondaj yo malgre tout ankèt kriminèl ki ap fèt ki gen rapò ak prezidans li a, e apre li se Gouvènè Florid Ron DeSantis ki gen 30 pwen toujou nan sondaj, e tout lòt kandida yo chak gen mwenske 5 pousan.

XS
SM
MD
LG