Prèske Mwatye Sitwayen Ameriken Panse Etazini Depanse Twòp Lajan Pou Ede Ikrèn

Ukrainian Defence Minister Rustem Umerov (L) greets United States Secretary of Defense Lloyd Austin prior to their talks in Kyiv on November 20, 2023. (Photo by W.G. DUNLOP / POOL / AFP)

Yon sondaj AP-NORC montre prèske mwatye nan popilasyon ameriken an panse Etazini ap depanse twòp lajan èd pou Ikrèn.

Chif sa yo gen pou wè ak yon Sondaj ajans nouvèl Associated Press reyalize nan nan tèt kole ak -NORC , kidonk Sant pou Rechèch Afè Piblik.

Sondaj sa-a tonbe nan moman Kongrè kontinue ap diskite sou yon asistans plizyè milya dola sipò federal pou Ikrèn.

Plis pase yon tyè nan adilt ameriken yo di nivo depans Etazini nan Ikrèn, se yon nivo ki « plizoumwen korèk."