Accessibility links

Breaking News

Rebèl Houthi Yemèn yo Sezi yon Bato ki Lye ak Izrayel nan Lanmè Wouj la epi Yo Pran Manm Ekipaj yo an Otaj


Houthi fighter stands on the Galaxy Leader cargo ship in the Red Sea
Houthi fighter stands on the Galaxy Leader cargo ship in the Red Sea

Rebèl Houthinan Yemèn ki benefisye apwi Iran sezi yon bato ki lye ak ak Izraye l sou yon wout maritime enpòtan nan zòn nan Lanmè Wouj la , kote pran 25 manm ekipaj an otaj nan dat 19 Novanm 2023 a.

Rebèl yo te di ke yo te fè dappiyanp sou bato a dimanch pase akoz koneksyon bato ak koneksyon li genyen ak eta jwif-la.

Gwoup la bay avètisman pou di li pral kontinue vize bato nan dlo entènasyonal ki lye ak Izrayèl jiskake Ipeyi sa-a l mete fen nan kanpay lagè lap Mennen kont gwoup Hamas-la nan Gaza.

Biwo Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu di manm ekipaj yo, se moun ki soti nan plizyè peyi, men okenn sitwayen Izrayelyen pat abò bato sa a ki pote non “Galaxy Leader” e ki gen drapozile Bahamas.

Lame Izrayelyen te di ke askyon sa se yon "ensidan ki grav anpil ki gen yon konsekans mondyal."

XS
SM
MD
LG