Accessibility links

Breaking News

Yon Polisye nan Kalifòni Touye yon Moun ki t ap Mache sou Otowout la


California Fire
California Fire

Otorite nan Kalifòni ap mennen ankèt sou yon polisye ki tap fè patwouy so yon otowout eta a, e kit e ouvè kout zam sou yon pyeton ki tap nan zòn- Los Angeles.

Polisye te mare batay ak nèg-la , yon ensidan ki anrejistre konplèman sou videyo.

Ensidan sa-a te fèt dimanch 20 novanm pase nan apremidi lè polisye a te wè nèg –la ki tap mache souotowout entè-iben 105-la

Polisye a di eleman-an te refize kite otowout la, e yo 2-a te antre nan lese-frape aloske endividi a tap eseye itilize yon Taser kont polisye –a.

Videyo ke otorite yo gade montre 2 mesye yo ki ap goumen sou otowout la. Videyo a montre polisye ki tire omwen kat bal sou mesye a pandan l te kouche sou twotwa a.

XS
SM
MD
LG