Etazini Di Li Pa Apiye yon 'Okipasyon Endefini Izrayelyen nan Gaza'

Twoup Izrayelyen bo kote yon bilding ki detwi pandan yon operasyon lame a nan Gaza, 8 Novanm, 2023.

Lamezonblanch souliyen Madi ke Prezidan Joe Biden pa apiye yon okipasyon Izrayelyen nan Gaza apre fen lagè a.

Deklarasyon sa a souliyen pozisyon administrasyon an yon jou apre Premye Minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu te di Izrayèl pral gen yon wòl pou jwe nan Gaza pou yo "peryòd tan endefini."

Pòt pawòl Konsey Nasyonal Sekirite Lamezonblanch la, John Kirby te reponn kestyon jounalis yo sou deklarasyon sa a.

"Nou pa apiye lide pou Fòs Defans Izrayèl yo ta re-okipe Gaza. Nou kwè fòk gen yon bon jan konvèsasyon pa rapò ak kisak pral pase Gaza apre lagè a e ki kalite gouvènans kap genyen. Nou absoliman dakò ak tokay Izrayelyen nou yo ke Gaza paka rete jan li te ye 6 Oktòb."

Pot pawol Konsey Sekirite Nasyonal Lamezonblanch la, John Kirby, ak sekrete de pres Lamezonblanch la, Karine Jean-Pierre (a goch) reponn kestyon jounalis yo, 7 Nov. 2023.

Anvan sa, Prezidan Biden te di se tap yon "erè" pou Izrayèl okipe Gaza.

Nan entèvyou li ak ABC News, Netanyahu te di Izrayèl pral pran responsabilite pou sekirite zòn nan endefiniman paske "tout moun wè sak pase lè nou pa fè sa."

Kirby bò kote pa l eksprime kè sote Etazini genyen pa rapò ak viktim sivil atak Izrayelyen yo sitou timoun yo.

"Sa m ka di w se ke nou kontinye souliyen ak tokay Izrayelyen nou yo ke fòk yo pran prekosyon lè yap fikse sib yo. Se yon bagay ki tris. Li orib pou wè imaj timoun piti ke yap rale soti anba dekonb bilding ki kraze e anpil nan yo pa suviv. Hamas mete timoun sa yo an danje epi fanmi yo an danje tou paske li pa kite yo pati kite Gaza."

Foto sa a ke Fos Defans Izrayel la pataje ak lapres montre yon tinel yo di Hamas konstwi ke yo detwi nan Gaza.

Pandansetan, Fòs Defans Izrayelyen an pibliye Mèkredi yon videyo yo di montre enjenyè konba yo ki jwen, ekspoze epi fè sote yon tinèl Hamas nan Gaza.

Fòs Defans la di yo te jwenn tinèl yo pandan yon operasyon nan rejyon no Gaza.

Gen yon pakèt moun ki abite nan rejyon sa a, sitou nan Gaza Siti ki sitye bò kote kan refije yo. Izrayèl fikse rejyon sa a kòm sib nan kanpay lap mennen pou kraze Hamas, ki se gwoup militan ki ap dirije Gaza depi 16 zan.

Lagè a tanmen dezyèm mwa li kounyea. Li te komanse 7 Oktòb apre atak Hamas te lanse kont sid Izrayèl ki te lakoz 1,400 Izrayelyen - sivil pou pi fò - te pèdi lavi yo. Hamas te pran 242 otaj tou.

Palestinyen enspekte debri yon moske ki detwi nan yon atak ayeryen nan kan refije Khan Younis la nan sid Gaza, 8 Nov. 2023.

Ministè Sante Piblik la, ke Hamas dirije deklare gen plis pase 10,500 Palestinyen ki mouri nan lagè a - pami yo gen 4,300 timoun.

Nan Jeruzalèm menm, fanmi zanmi ak moun ki apiye viktim atak Hamas la te rasanble devan palman an Mèkredi pou mande demisyon Premye Minis Netanyahu.

Manifestan yo monte yon tant ki gen drapo Izrayelyen ak foto moun militan Hamas yo te pran an otaj.

Oganizatè manifestayon an pèdi kèk manm fanmi yo nan atak 7 Oktòb la.

" Depi yè nou isit. Objektif nou se desann gouvènman an epi desann Bibi, se pi gwo objektif la. Nou pap sispann toutotan li pa kite pouvwa a. Osi lontan ke li nesesè," òganizate manifestasyon an di AP.

Manifestan Keren ale pi lwen:

"Mwen vini isit pou pote solidarite pou fanmi ki pèdi tout bagay. Gouvènman an pa rive sou yo donk fanmi yo deside al kanpe devan gouvènman an pou mande chanjman. E mwen vle montre mond lan ke gen yon vwa ki gen puisans e ki sonnen klè andedan sosyete Izrayelyèn nan e ki kont gouvènman an."

Ann Itali, Minis Defans la, Guido Crosetto anonse peyi li pral voye yon bato lopital ki va jete lank tou pre kòt Gaza pou ede popilasyon Palestiyèn nan.

Bato Vulcano a sipoze fè vwal ak 170 moun abò li, pami yo pèsonèl medikal e militè e li ekipe ak sal operasyon.


Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press