Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Jòdani ap Raple Anbasadè li an Izrayèl Kòm Pwotestasyon kont Bonbadman Gaza

Palestinyen chache viktim anba dekonb yon bilding ki kraze nan kan refije Jabalia nan no Gaza, 2 Novanm, 2023.
Palestinyen chache viktim anba dekonb yon bilding ki kraze nan kan refije Jabalia nan no Gaza, 2 Novanm, 2023.

Jòdani anonse mèkredi ke li ap rantre anbasadè li ki ann Izrayèl kòm pwotestasyon kont bonbadman ke Izrayèl ap fè sou Gaza, kote li pale de inosan k ap pèdi lavi e de kriz imanitè a. Jòdani di anbasadè li a ap tounen Tel Aviv sèlman si Izrayèl sispann aksyon militè li nan Gaza.

Menm jan an tou, anbasadè Izrayèl nan Jòdani, ki te pati, sa gen 2 semenn, nan kad menm pwotestasyon yo, ap gen dwa tounen sèlman sou menm kondisyon yo, dapre ministè afè etranjè Jòdani an.

Yon lòt kote, Sekretè Deta ameriken Antony Blinken ap vwayaje nan Mwayenn Oryan an semenn sa a, pandan Izrayèl ap ogmante atak revanj sou pozisyon Hamas nan Gaza.

Se Pòtpawòl Depatman Matthew Miller ki anonse nouvèl-la nan rankont ak laprès mèkredi.

“Sekretè Blinken al vwayaje Izrayèl ak Jòdani vandredi, sekretè-a pwal rankontre ak Premye-minis Benjamin Netanyahu ak lòt lidè nan gouvènman izraelyen-an pou-l resevwa dènye pwen-yo sou objektif millitè-yo.”

Nan Izrayèl ak nan Jòdani, Blinken pwal travay ak otorite peyi sa yo pou fasilite plis livrezon asistans imanitè pou sove lavi sivil nan Gaza.

See all News Updates of the Day

Lame Izrayelyen Pibliye Videyo Operasyon Kote li Touye Chèf Hamas la

Lame Izrayelyen Pibliye Videyo Operasyon Kote li Touye Chèf Hamas la
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:39 0:00

Lame Izrayelyen an pibliye yon video Vandredi ke li di kapte moman kote yon tank te tire sou yon bilding kote lide Hamas la Yahya Simwar te ye.

Hamas Konfime Lanmò Yahya Sinouar

TOPSHOT - (FILES) Hamas' leader in the Gaza Strip Yahya Sinwar speaks during a press conference for Quds (Jerusalem) day in Gaza City on 30 May 2019.
TOPSHOT - (FILES) Hamas' leader in the Gaza Strip Yahya Sinwar speaks during a press conference for Quds (Jerusalem) day in Gaza City on 30 May 2019.

Mouvman Islamis Palestinyen Hamas la konfime Vandredi 18 oktòb la lanmò lidè yo a.

Yahya Sinouar ki te nan tèt gwoup Hamas la jwen n lanmò swit ak yon operasyon militè Izrayèl te fè nan katye kote li te ye nan Band Gaza a.

Khalil al-Hayya, yon ofisyèl nan Hamas ki baze nan Katar, te di nan yon emisyon videyo sou Al Jazeera: "Nou kriye pou lanmò gwo lidè a, frè mati a, Yahya Sinouar, Abu Ibrahim,"

Apre analiz ADN sou kadav la Izrayèl konfime jedi 17 oktòb la ke kadav yo te gen nan men yo a se kadav konbatan Hamas la.

Izrayèl Asasine Chèf Hamas la

Izrayèl Asasine Chèf Hamas la
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:58 0:00

Minis Zafè Etranje Izraelyen an, Katz anonse jedi lanmò lidè Hamas Yahya Sinouar, ki te mouri pandan yon operasyon militè nan Gaza.

Medya Ofisyèl Siryen yo Rapòte "Atak" Ayereyen Izrayelyen sou Latakia

Syria Israel Attack
Syria Israel Attack

Ajans ofisyèl siryen an Sana rapòte lannwit Mèkredi rive Jedi yon atak ayeryen "Izrayèl" te lakòz dife nan vil Latakia, ki twouve l bò lanmè a.

Obsèvatwa Siryen pou Dwa Moun pale de yon frap sou yon "depo zam".

"Defans anti ayeryen an te entèsepte sib enmi sou tèt Latakia," dapre sa ajans Sana a rapòte, li te refere li a "dife ki te kòmanse nan moman atak Izrayelyen" nan papòt vil sa a, bastyon Prezidan Bashar al-Assad, alye Hezbollah Libanè a nan gè kont Izrayèl la.

Obsèvatwa Siryen pou Dwa Moun, bò kote pa l, te rapòte sou X yon "frap Izrayelyen ki vize yon depo zam nan Latakia".

Chèf Diplomasi Izraelyen an Anonse ke Lidè Hamas Yahya Sinouar "Elimine"

FILE PHOTO: Palestinian Hamas supporters take part in an anti-Israel rally in Gaza City
FILE PHOTO: Palestinian Hamas supporters take part in an anti-Israel rally in Gaza City

Minis Zafè Etranje Izraelyen an, Katz anonse jedi lanmò lidè Hamas Yahya Sinouar, ki te mouri pandan yon operasyon militè nan Gaza.

Lame Izraelyen an "te anonse ke yo ap fè analiz ADN sou kadav ke yo kwè se pa konbatan Hamas" pou yo te kapab konfime ke se te kadav lidè politik mouvman islamis palestinyen Yahya Sinouar,dapre sa yon sous sekirite izrayelyen te di AFP jedi.

Mesye Katz te di nan yon deklarasyon li bay laprès "Ansasen an mas Yahya Sinouar, responsab masak ak atwosite ki te fèt 7 oktòb la, te elimine pa sòlda yo (fòs Izrayelyen yo)."

Load more

XS
SM
MD
LG