Accessibility links

Breaking News

Djèt Konba Izrayèl Frape 450 Pozisyon Hamas nan Gaza


Palestinian children run as they flee from Israeli bombardment in Rafah in the southern Gaza Strip on Nov. 6, 2023.
Palestinian children run as they flee from Israeli bombardment in Rafah in the southern Gaza Strip on Nov. 6, 2023.

Djèt konba Izrael frape 450 pozisyon Hamas nan Gaza e twoup yo sezi yon enstalasyon militè nan 24 è ki pase yo, dapre Fòs Defans Izraelyen yo, pandan ministè sante Gaza a di frap aeryen yo touye dè douzèn moun.

Yon jounalis ajans nouvèl Reuters nan Gaza dekri bonbadman ki fèt pandan lannwit la kòm youn nan pi gwo ki fèt depi koumansman konfli a.

Izrael di frap li nan Gaza reyisi separe teritwa palestinyen an an 2 ayè dimanch la.

Fòs izrayelyen yo “ansèkle vil Gaza. … Kounyea gen yon sid Gaza ak yon nò Gaza,” se sa pòtpawol lame-a Daniel Hagari deklare.

Sekretè Deta ameriken Antony Blinken rive nan rejyon an e li t ap goumen pou chache bare yon kriz ki menase pou li gaye. Li te rankontre ak minis afè etranjè Tiki a nan Ankara, kèk èdtan apre dè santèn moun nan yon manifestasyon anfavè Palestinyen te chache anvayi yon baz aeryen ki loje twoup ameriken. Ajans nouvèl Reuters

fè konnen Blinken repouse apèl ki mande pou Izrael fè yon kanpe nan batay la.

Li te rankontre ayè dimanch la ak Prezidan Pouvwa Paletinyen an Mahmoud Abbas nan Ramallah, ki nan Sisjòdani ke Izrael okipe. Abbas reklame yon kanpo imedyatman bò kote Izrayèl. Blinken mande kèk poz imanitè nan konfli a, yon bagay Izrayèl rejte jouk kounyea.

XS
SM
MD
LG