Guterres Gen 'Gwo Kè-Sote” pou Konfli Izrayèl Hamas la ki Eskalade

Foto Achiv: Sekrete-Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres nan katye jeneral LONU, 27 Jiye, 2023.

Sekretè-Jeneral Nasyon Zini Antonio Guterres di madi ke li gen “gwo kè-sote” pou konfli ki eskalade ant Izrayèl ak Hamas nan Gaza a, kote li di dwe gen pwoteksyon pou sivil.

Lalwa imanitè entènasyonal tabli kèk regleman klè ke moun pa ka meprize,” se sa li di, e li ajoute, “Se pa yon menu kote moun chwazi regleman ke yo vle aplike.”

Li di tout pati yo dwe respekte regleman lagè, pami yo prensip pou distenge ki moun ke yo ap atake, nan ki mezi, epi pran prekosyon.

“Pandan gen twòp Izraelyen ak Palestinyen ki pèdi lavi deja, eskalad sa a sèlman ogmante soufrans sivil yo ki deja anpil,” se pawòl Guterres toujou.

Lè deklarasyon li a te parèt, te gen nouvèl sou yon kokenn eksplozyon nan kan refijye Jabalia nan nò Gaza, kote nouvèl yo rapòte anpil viktim.