Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Izrayèl di Hamas Eseye Chankre Lakay li an Pasan pa Lanmè

Palestinyen yo evakye 2 tigason soti nan destriksyon bilding apre atak ayeryen Izrayelyen sou Gaza Siti, 25 Oktob, 2023.
Palestinyen yo evakye 2 tigason soti nan destriksyon bilding apre atak ayeryen Izrayelyen sou Gaza Siti, 25 Oktob, 2023.

Moun te ka we gwo plim lafimen ap soti nan rejyon no Gaza Mekredi apremidi apre atak ayeryen Izrayel lanse kont teritwa Palestinyen an.

Videyo Associated Press kapte montre plim lafimen ap monte nan syel la.

Ajans Asistans Nasyonzuni pou refije Palestinyen yo di li pral fe gwo rediksyon nan operasyon sekou li nan Gaza akoz atak ayeryen Izrayelyen yo.

Pandansetan, videyo enfrawouj Fos Defans Izrayel la pataje ak lapres sanble montre tantativ omwens 2 militan Hamas te fe Madi pou chankre Izrayel an pasan pa lanme.

Lame Izrayel di li dejwe yon gwoup plonjè Hamas ki te eseye antre Izrayèl an pasan pa yon plaj ki sitye o no Gaza.

Yo di fos ayeryen, naval ak solda lame te atake moun sa yo.

Dapre rapo Fos Defans la militan yo te kraze yon kite sa atrave yon tinel ki sitye sou kot Gaza a.

Lame a di djet li yo ak matlo li yo te frape yon depo zam tou ke Hamas tap sevi.

Sekrete Jeneral LONU Antonio Guterres pandan yon konferans pou lapres 19 Oktob, 2023.
Sekrete Jeneral LONU Antonio Guterres pandan yon konferans pou lapres 19 Oktob, 2023.

Guterres 'Choke' ak Kritik Piman Bouk ki Tonbe sou Do l

Yon lot kote, Sekretè Jeneral Nasyonzuni, Antonio Guterres di li sezi wè kijan moun mal entèprete deklarasyon li te fè devan Konsèy Sekirite a Madi.

" Mwen choke wè kijan moun mal-entèprete yon pati nan deklarasyon mwen fè yè devan Konsèy Sekirite a pou di kom kwa mwen tap jistifye zak teworis Hamas yo. Se manti. Se le kontrè. Nan komansman entèvansyon mwen yè mwen te di klèman ke mwen kondane san gade dèyè zak teworis orib e san presedan Hamas komèt an Izrayèl 7 Oktob la. Pa gen okenn bagay ki ka jistifye touye moun ekspre, blese ak kidnape sivil - ni lansman obu kont sib sivil.

Wi se vre, mwen te pale de doleyans Pèp Palestinyen an. E mwen te di: Men doleyans pèp Palestinyen an paka jistifye atak malpouwont Hamas yo.

Mwen kwè li nesesè pou remete pandul yo a lè --sitou pa respè pou viktim yo ak fanmi yo."

Lidè Arab yo Mande yon Seselfe Rapido Presto

Lidè Arab yo lanse apèl Madi pou yon seselfe tou suit nan lagè Izrayèl Hamas la. Yo di yo krenn pou sa pa agrave kriz imanitè a.

Prens Faisal bin Farhan Al-Saud, se minis afè etranje Arabi Saoudit.

"Nou gen yon mesaj inifye ki se" plis vyolans se pa solisyon an. Tout sivil merite pou nou pwoteje lavi yo. Savledi lavi sivil Palestinyen nan Gaza yo tou. E se poutet sa nou kanpe ansanm pou mande yon seselfe imedyatman, epi pou leve blokaj Gaza a epi reprann pwosesis lapè a. Fok nou reprann yon apwoch veritab, serye pou rezoud doleyans pèp Palestinyen an."

Foto Achiv: Pot Pawol Konsey Sekirite Nasyonal Lamezonblanch la, John Kirby pale ak jounalis yo nan Washington.
Foto Achiv: Pot Pawol Konsey Sekirite Nasyonal Lamezonblanch la, John Kirby pale ak jounalis yo nan Washington.

Etazini di Seselfe a se Hamas lap Ede

Sepandan Pot Pawol Konsey Nasyonal Sekirite Etazini an, John Kirby di administrasyon Biden nan pa dako ak ide seselfe a.

" Depi nan komansman nap di nou vle we tout pwoteksyon posib pou lavi sivil yo e yon poz nan operasyon milite yo se yon zouti ak yon taktik ki ka fe sa pandan peryod tanpore. Se pa menm bagay ak yon seselfe. Map repete ke kounyea nou kwe yon seselfe benefisye Hamas - setadi yon seselfe jeneral."

Kirby di Etazini ap pale ak Premye Minis Izrayelyen Netanyahu depi komansman konfli a sa gen 2 semen de sa sou respe pou lavi kretyen vivan, respe pou popilasyon Gaza a epi sou asirans ke moun ka gen akse ak manje, dlo, medikaman ak elektrisite ki se yon bagay esansyel.

Foto Achiv: Prezidan La Tiki Tayyip Erdogan nan Ankara, La Tiki, 6 Sept. 2023.
Foto Achiv: Prezidan La Tiki Tayyip Erdogan nan Ankara, La Tiki, 6 Sept. 2023.

La Tiki Pa Konsidere Hamas Kom Teworis

Nan La Tiki menm, Prezidan Recep Tayyip Erdogan deklare Mèkredi ke gwoup militan Hamas la se pa yon oganizasyon teworis men pito yon gwoup liberasyon kap eseye pwoteje teritwa li ak sitwayen li yo.

"Mezi nou dwe pran rapidman klè kou dlo kok. Premyèman fok tout moun wetire dwet yo sou gachèt la epi deklare yon seselfe tou suit."

Depatman Deta Etazini te deziye Hamas yon gwoup teworis an 1997. Inyon Ewopeyen an ak lot peyi Oksidantal konsidere l tankou yon oganizasyon teworis tou.

Moun pote dey pou Izrayelyen Britanik Lilianne Sharabi ak 2 pitit fi li yo Noiya, 16 zan ak Yahel 13 zan pandan fineray yo nan Kfar Harif, Izrayel, 25 Oktob, 2023.
Moun pote dey pou Izrayelyen Britanik Lilianne Sharabi ak 2 pitit fi li yo Noiya, 16 zan ak Yahel 13 zan pandan fineray yo nan Kfar Harif, Izrayel, 25 Oktob, 2023.

Hamas derefize rekonet eta Izrayel e li sèmante pou l anile peyi a nèt. Li responsab pou plizyè atak ak bonm suisid epi lot atak kont sivil ak solda Izrayelyen kote anpil san koule.

Izrayèl ap frape Gaza di kom repons kif-kif pou atak sanglan li te lanse 7 Oktob la e li sèmante pou l detwi gwoup militan an.

See all News Updates of the Day

Atak Izrayelyen sou Fwontyè Liban ak Siri a Koupe Wout Prensipal Ant 2 Peyi yo

FILE - Missiles launched from Iran towards Israel are seen in the West Bank city of Nablus, Oct. 1, 2024.
FILE - Missiles launched from Iran towards Israel are seen in the West Bank city of Nablus, Oct. 1, 2024.

Ajans nouvèl libanè ANI rapòte ke yon atak Izrayelyen sou fwontyè yo ak Siri a koupe wout prensipal ki konekte 2 peyi yo vandredi.

Plizyè dizèn milye moun k ap kouri kite peyi Liban nan dènye jou sa yo, kote Izrayèl ap lage bonm san kanpe nan lide pou kwape Ezbola, konn itilize wout sa a pou yo al kache nan peyi Siri.

Atak izrayelyen: 46 moun Mouri, 85 Blese nan Peyi Liban

APTOPIX Lebanon Israel
APTOPIX Lebanon Israel

Ministè Sante Libanè a te anonse Mèkredi swa, 46 moun te mouri ak 85 lòt blese nan "frap ènmi Izrayelyen yo a" pandan 24 èdtan ki sot pase yo nan plizyè rejyon nan peyi a.

Sant Kriz Libanè a te anonse anvan piblikasyon bilan jounalye sa a, gen 1,928 moun ki te deja mouri nan peyi Liban depi lè Izrayèl la ak Ezbola te kòmanse twoke kòn yon nan mwa Oktòb 2023.

Moskou di Sitiyasyon Mwayen Oryan an Montre "Echèk Total" Politik Washington lan

Russia Nuclear Doctrine
Russia Nuclear Doctrine

Larisi te di Madi 1ye oktòb la sitiyasyon sa ki cho tankou yon vè lanp nan Mwayen Oryan an montre "echèk total" politik Ameriken an nan rejyon an ak "enpisans" Washington pou anpeche yon eskalad, apre atak misil masiv Iran sou Izrayèl.

Pòtpawòl diplomatik Ris Maria Zakharova te di sou Telegram "Sa a se echèk total administrasyon (Prezidan Joe) Biden nan Mwayen Oryan an.

Yon dram sanglan ki ap layite kò l.

Deklarasyon flou Mezon Blanch yo montre a klè enkapasite yo pou rezoud kriz la."

Iran di L ap Atake 'Tout Enfrastrikti' Izrayèl si yo Atake l

سرلشکر محمد باقری، رئیس ستاد کل نیروهای مسلح جمهوری اسلامی Mohammad Bagheri
سرلشکر محمد باقری، رئیس ستاد کل نیروهای مسلح جمهوری اسلامی Mohammad Bagheri

Chèf lame Iran majò jeneral Mohammad Bagheri, te fè konnen Iran ap frape "tout enfrastrikti” Izrayèl si jamè yo ta atake l pou yo ta riposte pou atak ak misil yo te fè Madi a.

Jeneral Bagheri te di nan televizyon leta Iranyen an si Ameriken ak peyi Ewopeyen k ap sipòte " rejim Siyonis la, ki fin pèdi tèt, pa fè yo mete dlo nan diven yo, yo kite l kontinye kontinye krim sa yo oswa aji kont souverènte ak entegrite teritoryal nou.

Operasyon tankou sa ki te fèt nan Madi swa a pral repete ak pi gwo fòs epi n ap vize tout enfrastrikti yo genyen lakay yo."

Dapre Lame Izrayelyen an, Misil Iran Tonbe Sou Baz Ayeryen Li Yo

ISRAEL-PALESTINIANS/LEBANON
ISRAEL-PALESTINIANS/LEBANON

Lame Izrayelyen an di Mèkredi 2 oktòb la ke misil Iran te tire pandan gwo atak li te lanse madi swa kont Izrayèl tonbe sou baz ayeryen peyi a, men yo asire ke atak la pa fè okenn domaj.

Deklarasyon an te di "Pandan atak Iranyen yè a, plizyè misil tonbe sou baz "fòs ayeryen" Izrayelyen an".

Okenn enfrastrikti... Pa't domaje, "lame a te di nan yon deklarasyon, e li te ajoute, atak la pa lakòz okenn blese oswa domaj avyon yo.

Load more

XS
SM
MD
LG