Hezbollah ak Izrayèl Twoke Kout Zam, Epi Avèti Lagè a Taka Entansifye

Konbatan Hezbollah yo flote drapo epi kriye slogan pandan fineray yon solda Hezbollah ki rele Bilbl Nemr Rmeiti ki mouri nan yon atak Izrayelyen nan sid Liban, 22 Oktob, 2023.

Hezbollah anonse lanmò 5 lòt miitan, nan moman bagay sou fwontyè Liban-Izrayèl la ap entanfisye.

Premye Minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu te vizite twoup ki estasyone tou pre fwontyè a Dimanch epi lanse avètisman bay Liban pou di pinga li kite yo trennen li antre nan yon nouvo lagè.

Ti peyi Mediteraneyen an, se baz Hezbollah, yon pati politik Mizilman Shiit, ki gen yon zèl ame ki pote menm non an.

Sòlda Izrayelyen yo ak militan yo twoke kout zam sou fwontyè a depi kòmansman lagè ak militan Palestinyen Hamas la te kòmanse, men jiskaprezan batay yo limite ak zòn fwontyè a.

Hezbollah sèmante pou l entansifye lagè a si Izrayèl lanse yon operasyon terès nan Gaza. Gen anpil posibilite pou sa fèt, e Izrayèl di li pral reponn kif-kif.