Biden: Sipò pou Izrayèl ak Ikrèn 'Esansyèl' pou Sekirite Etazini

Prezidan Joe Biden pale depi Biwo Oval Lamezonblanch la, Jedi 19 Oktob, 2023, nan Washington.

Prezidan Joe Biden pwononse dezyèm diskou li nan Biwo Oval Lamezonblanch la Jedi swa, pou esplike poukisa Etazini apiye Ikrèn ak Izrayèl nan moman peyi sa yo ap mennen lagè.

Biden di sipò a "esansyèl pou sekirite nasyonal Lèzetazini."

"Se gras ak lidèship Etazini ke mond lan ka travay ansanm. Alyans Ameriken yo pwoteje Lèzetazini. Prensip Ameriken yo se sa ki mete nou apa ak lot nasyon ke nou ta renmen travay ak yo. Pou riske tout bagay sa yo si nou vire do nou bay Ikrèn, vire do nou bay Irzayèl - pa vo lapèn. Se poutèt sa mwen pral voye yon deman ijan bay Kongrè a demen pa rapo ak bidjè apou finanse bezwen sekirite nasyonal Etazini epi apiye patnè esansyèl nou yo lot bo dlo, pami yo Izrayel ak Ikrèn. Se yon envestisman entelijan ki pral bay bon randman pa rapo ak sekirite Etazini pandan plizyè jenerasyon."

Diskou a te yon opòtinite pou Biden esplike poukisa Etazini gen obligasyon pou l ede tou le 2 peyi yo, epitou ankouraje palmantè Ameriken yo pou yo dispoze lajan pou fè sa.

"Se yon envestisman entelijan ki pral bay bon randman pou sekirite Etazini pandan plizyè jenerasyon."

Administrasyon an gen entansyon mande plizyè milya dola asistans militè siplemantè pou Izrayèl ak Ikrèn.

Biden vle lajan tou pou fòs defans Taiwan nan epi pou jere migran kap debake sou fwontyè sid Etazini pataje ak Meksik la.