Accessibility links

Breaking News

Etazini Entèsepte Dron ki te Vize Twoup Ameriken an Irak


Foto Achiv: Baz Aviyasyon Ain al-Asad la nan deze Anbar la nan wes Irak.
Foto Achiv: Baz Aviyasyon Ain al-Asad la nan deze Anbar la nan wes Irak.

Yon responsab depatman defans Etazini fè konnen yo entèsepte 2 dron ki te vize yon baz ki abrite sòlda Ameriken nan rejyon wès Irak.

Kèk hè d tan pi ta yon gwoup milis ke Iran apiye e kap opere nan Irak te anonse li te lanse yon lòt atak ak dron kont yon dezyèm baz.

Okenn moun pa mouri ni blese nan ensidan sa yo.

Atak la vini nan moman kè sote ap ogmante pou konfli Izrael-Hamas la pa deklanche yon konfli rejyonal pi laj.

Depi kòmansman lagè a 7 Oktòb, anpil atansyon konsantre sou Hezbollah Libanèz la ki se yon alye puisan Hamas.

Men nan jou ki sot pase yo, milis Iran apiye nan Irak yo menase tou pou yo atake enstalasyon Ameriken yo akoz sipò Lèzetazini ap bay Izrael.

XS
SM
MD
LG