Accessibility links

Breaking News

Etazini Pran Sanksyon kont 10 Manm Hamas


Foto Achiv: Bilding Depatman Trezo a nan Washington, 4 Me, 2021.
Foto Achiv: Bilding Depatman Trezo a nan Washington, 4 Me, 2021.

Lèzetazuni anonse sanksyon kont yon gwoup 10 manm Hamas ak rezo finansye òganizasyon militan Palestinyen an pou reponn atak sipriz li lanse kont Izrael, ki lakoz plis pase 1,000 moun pèdi lavi yo.

Sanksyon Depatman Trezò a anonse Mèkredi vize moun ki jere pòtfolyo envestisman Hamas la, yon biwo finansye ki gen baz li nan Qatar e ki gen lye sere-sere ak rejim Iranyen an, epi yon kòmandan kle Hamas ak yon echanj monetè vityèl ki gen baz li nan Gaza.

Sekretè Trezò Janet Yellen deklare Etazini ap pran mezi desizif pou vize finansye Hamas yo ak moun ki fasilite operasyon li yo.

Lidè zèl militè Hamas la di atak 7 Oktòb la te gen kòm bi pou reponn blokis Izrael enpoze kont Gaza a ak lòt kestyon ankò.

XS
SM
MD
LG