Pap François Mande Lapè nan Konfli Izrayèl - Hamas la

Pap François moutre jan kè-li fè-l mal pou sityasyon “dezespere” ki nan Gaza, e li mande lapè, nan odyans general-li ak fidèl-yo ayè jedi a. Sepandan Pap-la pa te pale de atak madi-a sou Lopital Ahli Arab nan Gaza, ki te pran lavi dè dizèn moun.

Pap François di fidèl-yo ki ransanble sou plas Sen Pyè ayè mèkredi-a ke “panse-li al jwenn Palestin ak Izrayèl,” kote li eksprime kè-sote pou lagè sa-a pa gaye nan rejyon-an. Li ekzòte fidèl-yo pou yo priye pou lapè.

Gwoup militan Hamas akize Izrayèl pou kokenn eksplozyon-an, men Izrayèl demanti ke li gen anyen pou wè ak sa, kote li di li gen prèv se yon wokèt Jihad Islamik Palestinyen ki pèdi wout-li e lakoz eksplosyon an.

Pap-la ekzòte fidèl-yo pou yo pran “yon sèl pati” nan konfli Izrayèl-Hamas-la, ki se pati “pou lapè, priyè, ak devosyon total.”