Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Pale ak Nasyon an sou Repons Etazini pou Atak Hamas Lanse Kont Izrayèl-la


Prezidan Etazini Joe Biden gen pou li pale ak nasyon-an aswè a e pale sou repons Etazini pou atak ke Hamas sot lanse kont Izrayèl-la ak lagè LaRisi nan Ikrèn nan.

Biden te vizite Izrayèl ayè mèkredi-a, kote li pote mesaj sipò pou Izraelyen yo pandan li t-ap travay pou jwenn èd imanitè pou Palestinyen-yo nan Gaza.

Etazini anonse yon èd 100-milyon dola pou Gaza ak Sisjòdani, epi administrasyon Biden nan ka pwopoze 100 milya dola asistans anplis pou Izrayèl, Ikrèn, Taiwan epi pou sekirite sou fwontyè Etazini Meksik la.

“Administrasyon-nou-an te an kontak sere ak otorite-yo nan premye moman atak la,” se sa Biden di ayè mèkredi a nan capital Izrayèl-la Tel Aviv. Li kontinye pou di, “Depi dè dizèn lane, nou asire nou ke Izrayèl gen lame kòrèk. E semenn sa-a, mwen pwal mande Kongrè-a yon sipò ke mwen pa te janm mande anvan pou defans Izrayèl.”

XS
SM
MD
LG